January Severe Weather Updates For Recovery Information

Emergency Info for Idalia Emergency Info for Idalia

Tropical Storm Nicole For Recovery Information

Hurricane Ian For Recovery Information

Public Notices Read Here

Florida response to Hurricane IAN continues (Haitian Creole)

10/4/2022

Florida response to Hurricane IAN continues (Haitian Creole)

Maten an, Gouvènè Ron DeSantis te pibliye dènye enfòmasyon sou Siklòn ki rele IAN nan Sant
Operasyon Ijans Eta Florid la avèk Direktè Divizyon Jesyon Ijans Kevin Guthrie ansanm ak Administratè
Ajans Federal Jesyon Ijans Deanne Criswell. Jodi a, Gouvènè DeSantis ap vwayaje nan Fort Myers ak
St. Augustine pou li ale gade domaj yo. Wap jwenn plis detay disponib sou si ou swuiv sa.
Kounyea gen 42,000 k ap reponn plis pase 1.9 milyon pann kouran elektrik. Yo deja retabli kouran nan
plis pase 700,000 kont nan Sidwès Florid.
Premye Dam Casey DeSantis te anonse tou ke kont Florida Disaster Fund resevwa anpil don, ki depase
$10 milyon dola nan jis 24 èdtan apre yo te aktive l. Fon pou Katastwòf Laflorid se fon prive ofisyèl Eta
Florid ki etabli pou bay kominote nou yo asistans finansye pandan y ap reponn ak remanbre nan moman
ijans oswa katastwòf natirel. Nan travay men nan men ak òganizasyon piblik, prive ak lòt òganizasyon
non-gouvènmantal, Florida Disaster Fund sipòte aktivite repons ak rekiperasyon. Pou kontribiye, tanpri
vizite www.FloridaDisasterFund.org oswa voye tèks DISASTER a 20222.
Gouvènman Federal la te ajoute tou konte sa yo nan deklarasyon gwo katastwòf la, sa vle di yo pral
resevwa asistans endividyèl ak finansman kategori A (retire fatra elatriye) a 100% pou 30 jou: Orange,
Osceola, Seminole, ak Polk.
Sit entènèt eta a pou fe konnen si gen moun ki disparèt pandan siklòn Ian se http://missing.fl.gov. Si w
bezwen fe konnen ke genyen yon moun ki disparèt, ranpli fòm nan pou "Yon lòt moun". Ou ka ranpli fòm
pou ou tou si kominikasyon yo pa fasil.
Efò preparasyon ak repons eta yo gen ladan yo:
Rechèch ansanm ak Sekou
● Gen 8 ekip USAR ak plis pase 800 manm ekip sila yo k ap fè rechèch ak sekou.
● Manm Gad Nasyonal Laflorid ap fè misyon Lyezon nan 20 konte pou sipòte ak kowòdone misyon
repons pou ijans ak demann nan konte sa yo.
● Resous jeni Gad Nasyonal Florid yo te deplwaye pou ede ak netwaye wout nan Konte Pinellas ak
Lee.
● Gad Nasyonal Florid te kòmanse egzekite misyon sekirite nan tout sidwès LaFlorid, tankou
ranfòsman kouvrefe nan Sarasota, pòs ak kontwòl aksè nan Pinellas, epi tou sekirite sit nan Lee.
● Ekip Missouri Task Force 1 ki se Evalyasyon Sitiyasyon ak Rekonesans Katastwòf (DSAR nan
lang ameriken) ap deplwaye nan Florid atravè Kontra Asistans Jesyon Ijans pou sipòte efò
rechèch ak sekou nan vil yo ak evalyasyon ensidan yo.
● Gen yon ekip Florida Unmanned Aircraft System (UAS) ki deplwaye nan Florid Santral pou sipòte
Task Force USAR nan konsta eta ak evalyasyon ensidan yo.
● Gad Nasyonal ak Gad Kòt yo ap debake elikoptè sou zile ki bare yo e ki difisil pou akse pou fè
rechèch ak sekou.
● Apre otorizasyon Gouvènè DeSantis, yon total 5,000 Gad Laflorid jwenn lod pou yo komanse tout
operasyon nan kad repons pou Siklòn IAN. Jiska 2,000 Gad ki soti nan eta vwazen yo pare pou
ede tou.
Divizyon Jesyon Ijans nan Florid (FDEM nan lang angle)
● FDEM te konpile yon Sondaj ki rele Shelter in Place pou bay premye sekouris yo enfòmasyon
enpòtan pandan ak apre siklòn Ian te prevwa pase a. N ap mande tout moun ki nan zòn enpak

siklòn Ian ki te pran desizyon rete nan refij zon nan pou yo ranpli sondaj sila. Tanpri vizite
FloridaDisaster.org/Report pou jwenn Sondaj Shelter in Place lan.
● FDEM te aktive Liy Enfòmasyon Asistans Leta (SAIL) pou mete a dispozisyon moun Florid yo yon
resous adisyonèl pou yo resevwa enfòmasyon nan bon ti mamit konsènan Siklòn Ian. Rezidan ak
vizitè yo ka rele liy dirèk gratis sa a nan 1-800-342-3557.
● Anplwaye FDEM ki te gentan plase anvan tanpèt la ap kòmanse evalyasyon rapid de domaj yo
nan konte Collier, Hillsborough, Lee, Manatee, Pasco, Pinellas, ak Sarasota pou akselere
asistans federal ki disponib pou rekiperasyon dezas.
● FDEM gen sis depo gaz disponib epi li ap òganize pou kat depo gaz ajoute jodi a atravè LaFlorid
Santral ak Sidwès pou asire premye sekouris yo gen gaz yo bezwen pou fè operasyon rechèch
ak sekou.
● Ajan ak biwo Lyezon FDEM yo te deplwaye nan konte EOC yo tankou Brevard, Charlotte, Dixie,
Hardee, Hillsborough, Lee, Pinellas, Sarasota, ak Seminole.
● Sou direktiv Direktè FDEM ak Ofisye Kowòdinasyon Eta Kevin Guthrie, Ekip Jesyon Ensidan
(IMTan angle) ki soti nan Ohio ak nan Colorado gentan sou plas pou asire plis sipò nan efò
repons ak rekiperasyon apre tanpèt la.
● FDEM ap deplwaye staf li nan plizyè santèn abri pou sipo nan lide pou li reponn a bezwen nan
konte yo ki te louvri abri siklòn Bezwen Espesyal yo. Kounye a, plis pase 200 abri piblik yo louvri
epi yo disponib pou rezidan ki afekte yo, ladan yo plis pase 50 se Abri pou Bezwen Espesyal.
● FDEM ap dirije Ekip Repons Eta Ijans (SERT) pou repons Siklòn Ian a, ak plis pase 350 manm
SERT k ap travay nan Sant Operasyon Ijans Eta a (SEOC).
● FDEM te resevwa plis pase 2,000 demann resous pou Siklòn Ian epi li satisfè yo. Plis pase 1,700
nan demann sa yo ap trete kounye a,genyen ki sou wout osinon resous yo ap mobilize. Sa gen
ladan l kowòdinasyon resous tankou kamyon manje ak dlo, jeneratè, ak ponp pou dlo.
● FDEM ap mobilize manje ak bezwen pou bèt kay yo ki deplase nan konte Charlotte, tankou
manje sèk ak manje nan bwat pou chen, manje sèk ak manje nan bwat pou chat, latrin pou chat,
bòl bèt kay jetab, ak kod pou promne chen ki jetab.
● FDEM ap deplwaye resous sa yo pou distribisyon nan zòn ki afekte yo:
➔ Plis pase 4,000 galon dyezèl nan Konte Lee pou pouse dlo ki bay pou sevis nan lopital ki tou pre
yo.
➔ Ekip kap dirije drone pou evalye zòn ki inonde yo
➔ 500 barik pou trafik nan Konte Charlotte pou modifye sistem trafik yo san danje
➔ Plis pase 400 boutèy oksijèn nan Konte Charlotte.
➔ 255 anbilans
➔ 200 kamyon manje, dlo, ak glas
➔ 200 gwo jeneratè
➔ 2 boutik mekanik ki genyen e bay sèvis konplè
➔ 500,000 prela
➔ 375 twous pou paran tibebe ak timoun piti ki gen pwovizyon enpòtan ki pral dire 10 jou chak.
➔ Kat inite mobil triyaj nan Konte Miami-Dade.
➔ Senk kamyon dra ak senk kamyon chajman kabann pou sipòte rezidan ki deplase yo.
➔ Kounye a, FDEM ap kowòdone pwovizyon repa pou premye sekouris yo nan Konte Orange.
● FDEM an kominikasyon konstan ak tout 67 biwo jesyon ijans konte yo ak ajans leta yo pou
kowòdone aksyon rekiperasyon yo ak resous ki nesesè yo pandan kominote yo fè eksperyans
enpak tanpèt yo.
Kouran
Kounye a gen 1.9 milyon moun ki pa gen kouran.

Plis pase 700,000 kont deja retabli nan Sidwès Florid, ki konsa:
92,000 nan Konte Sarasota,
96,000 nan konte Hillsborough,
43,000 nan Konte Manatee,
43,000 nan Konte Lee,
59,000 nan Konte Collier, epi
17,000 nan Konte Charlotte.
Pou yon rapò konplè sou pann aktyèl yo, klike la.
42,000 liymen ki soti nan sèvis piblik atravè eta a ap travay 24/24 pou retabli kouran.
125 Florida Highway Patrol ap transpòte ekip sèvis piblik yo.
Sante ak Sèvis pou Moun
★ Pou sipòte lopital nan Konte Lee ki pa gen dlo potab, Eta Florid ap transpòte 1.2 milyon galon dlo
nan 20 kamyon soti Lakeland rive Fort Myers.
★ AHCA te aktive rapò nan Sistèm Rapò Etablisman Sante (HFRS) epi li ap mande tout founisè
swen sante yo rapòte resansman yo, kabann ki disponib yo, sitiyasyon evakyasyon yo, ak
enfòmasyon sou sitiyasyon dèlko yo. Enfòmasyon sa a pèmèt AHCA ede founisè swen sante yo
nan transfere pasyan yo si sa nesesè epi asire founisè swen sante nan zòn ki afekte yo gen
resous ak kouran ki nesesè yo pou yo travay.
★ Misyon Mouvman Pasyan DOH ak AHCA te evakye apeprè 8,489 pasyan ki soti nan 198
etablisman swen sante nan zòn sou chimen Siklòn Ian a. Depatman an kontinye evalye ak sipòte
nenpòt lòt evakyasyon ki nesesè yo.
★ Misyon sa a tou sipòte evakyasyon prèske 9,000 pasyan ak rezidan ki soti nan plis pase 200
etablisman swen sante.
★ Prèske 400 anbilans, bis paratransit, ak machin sipò ap reponn nan zòn kote yo prevwa dezas.
★ Ajans la te voye yon Alèt Founisè Medicaid ki bay enfòmasyon enpotan sou Frè pou Sèvis nan
Medicaid pou Founisè Swen ak Protokol Laswenyaj pandan Siklòn Ian, ou ka jwenn sa la a.
★ AHCA te aktive Sistèm rechèch Pasyan Ijans lan (E-PLUS). Abri pou bezwen espesyal pou 16
konte yo kapab itilize sistèm nan pou rekipere dosye medikal pasyan yo. E-PLUS disponib tou
pou ede founisè medikal yo ak pèsonèl repons pou ijans jwenn moun ki disparèt oswa ki deplase
apre tanpèt la.
★ Chirijyen Jeneral Eta a te siyen yon lèt pou pèmèt anplwaye Depatman ak Ajans pou
Administrasyon Swen Sante vwayaje pase kouvrefe atravè Eta a pou fè nenpòt aksyon sante ak
sekirite ki nesesè, wap ka jwenn li isit la.
★ AHCA te idantifye founisè Ekipman Medikal Domestik ki ka ede yo bay oksijèn nan Abri pou
Bezwen Espesyal yo.
★ Ajans la te fè patenarya ak Asosyasyon Swen Sante Laflorid ansanm ak Asosyasyon Lopital
Laflorid pou kòmanse apèl nan tout eta a ak etablisman epi lopital ki pou bay swen tout tan.
★ Apati jodi a, 100% nan etablisman ki bay swen tout tan ki fe operason gen yon dèlko sou plas.
Kat Estati Jeneratè pou etablisman swen sou yon peryod long yo disponib isit la.
★ Eta a te kontwole plizyè enstalasyon swen sante sou kouran dèlko, e gen de etablisman swen
sante ki nan pwosesis pou yo evakye yo.
★ 400 enfimyè adisyonèl ap deplase nan sidwès Florid pou ede.
★ 117 etablisman swen sante te gen kouran yo retabli depi kòmansman evènman an e 282
etablisman ap tann kounye a pou retabli kouran pou yo.
★ Sekretè Simone Marstiller te siyen Dekrè Ijans 22-001 ki kanpe lwa ak estati ki gen rapò ak nivo 2
ki nesesè pou amplwaye, on fason pou yo ka bay sevis yo pandan Siklòn Ian. Sa pèmèt

etablisman swen sante yo deplwaye travayè swen sante eta yo nan menm wòl yo nan Florid
pandan ijans la. Ou k jwenn plis detay isit la.
★ APD ap fè yon evalyasyon preliminè sou domaj nan tout kay gwoup ki gen lisans APD nan zòn ki
afekte yo.
★ APD ap kontakte Òganizasyon Kalifye yo nan zòn ki afekte yo pou asire sante ak sekirite
Koòdonatè Sipò ak kliyan yo.
★ APD ap rasanble enfòmasyon sou bezwen ki pa satisfè nan men òganizasyon patnè ak founisè
epi travay ak otorite apwopriye yo pou rezoud pwoblèm yo.
★ 20 kay gwoup ki gen lisans APD ki te evakye orijinèlman retounen lakay yo.
★ Yo deplwaye Evalyatè DOEA CARES pou sèvi nan abri bezwen espesyal jan yo mande sa atravè
Sant Operasyon Ijans yo.
★ Biwo Gadyen Piblik ak Pwofesyonèl yo ap tcheke avèk lot biwo gadyen piblik yo pou asire katye
yo an sekirite epi yo satisfè bezwen yo.
★ Ajans lokal yo ap evalye bezwen ak enpak sou popilasyon ti granmoun yo ke Depatman an sèvi.
★ Ajans ki soti nan zòn ki pa afekte yo ap idantifye anplwaye ki ka al bay ed nan zòn ki afekte yo.
★ Liy telefon pou ede ti granmoun yo, 1-800-96-ELDER, toujou aktif pandan lè fonksyonman yo,
apèl ki resevwa apre lè osnon nan wikenn, yo retounen nan jou travay ki vin apre a. Granmoun
anpil laj yo ka rele pou asistans ak bezwen ki pa ijan.
★ Ajans pou granmoun nan zon Konte Pasco-Pinellas ak Sant Koneksyon Senior, k ap sèvi
Hillsborough, Polk, Manatee, Hardee, ak Highlands, te inisye apèl apre tanpèt bay kliyan yo pou
idantifye bezwen yo poko satisfè.
★ Kèk founisè sèvis ak anplwaye Ajans pou Granmoun nan Zòn Sidwès Laflorid yo pa gen kouran e
yo toujou ap evalye operasyon pou relouvri sèvis yo nan konte Sarasota, Collier ak Glades.
★ Plizyè mil etajè repa ki estab pral delivre wikenn sa a nan konte Pasco ak Pinellas pou granmoun
anpil laj yo; kounyea bezwen pou SW Florida ap evalye pou manje anplis.
★ Anplwaye Alliance for Aging nan konte Monroe ap gen pou ale tcheke vandredi sou kliyan ki nan
zòn ki pi ba Keys yo ki te nan zòn inondasyon yo.
★ Bay Pines VA Healthcare System pral fèmen lokal sa yo jiska jou ki 1ye oktòb:
➢ C.W. "Bill" Young Medical Center Campus (Bay Pines); enkli depatman ijans la
➢ Klinik nan North Pinellas VA
➢ Klinik nanNaples VA
➢ Klinik nan Lee County VA
➢ Klinik nan Port Charlotte VA
➢ Kilnik nan Saint Petersburg VA
➢ Klinik nan Sarasota VA
➢ Klinik nan Bradenton VA
➢ Klinik nan Sebring VA Klinik
Sistèm Swen Sante Orlando VA a pral fèmen lokal sa yo jiska jou ki 1ye oktòb:
➢ Klinik nan Clermont VA
➢ Klinik nan Deltona VA
➢ Klinik nan Kissimmee VA
➢ Klinik nan Lake Baldwin VA
➢ Klinik nan Palm Bay VA
➢ Klinik nan Port Orange VA
➢ Klinik nan Tavares VA
➢ Klinik nan Viera VA
➢ Klinik nan West Pavilion VA
➢ Klinik nan Daytona Beach V

Kay Ansyen Konbatan Lage pou peyi Etatzini ki rele Douglas T. Jacobson nan Port Charlotte ap
fonksyone. Rezidan yo ak anplwaye yo an sekirite epi yo byen. Kay moun sa yo ap fonksyone ak dèlko.
Depatman Afè Veteran (VA) Etazini te anonse ke li fenmen etablisman swen sante nan Florid pou
Vandredi 30 septanm. Pou plis detay, vizite https://www.floridavets.org/news/. Pou swen nan telefon ak
sipò, tanpri rele VA Health Connect nan 1-877-741-3400; 24/7.
Klinik VA nan Jacksonville, St. Augustine, ak Middleburg fèmen vandredi 30 septanm. Lòt etablisman nan
No LaFlorida ak nan Sid Georgia VA Healthcare System yo fèmen pou randevou pasyan yo jodi a men y
ap fè randevou nan telefon.
DOH te fè patenarya ak Volunteer Florida pou devlope yon pòtal sou entènèt pou pratikan swen sante ki
vle sèvi kòm volontè e mete ekspètiz yo, konpetans yo, ak eksperyans yo disponib nan zòn ki afekte pa
Siklòn Ian.
Misyon Mouvman Pasyan DOH ak AHCA te evakye apeprè 8,246 pasyan ki soti nan 201 etablisman
swen sante nan zòn ki te sou chimen Siklòn Ian a. Depatman an kontinye evalye epi sipòte nenpòt lòt
evakyasyon ki nesesè.
DOH te deplwaye 5 ekip de 2 pou fè evalyasyon etablisman mezon retrèt yo, pou sipòte AHCA, nan
konte Lee, Charlotte, Collier, ak Sarasota. Evalyasyon konte Lee yo te fini Jedi. Evalyasyon yo pou rès
enstalasyon yo ap kontinye.
❖ Yo te deplwaye Ofisye Sante Konte Marion/Sekretè Adjwen Pwovizwa pou Sistèm Sante Konte
DOH nan konte Charlotte, Lee, Highlands, ak Sarasota, pou kontwole sitiyasyon sante piblik
kominote yo ansanm ak ofisye sante konte lokal yo. Yo te deplwaye yon dezyèm ofisye sante pou
ede nan efò repons sante piblik nan Konte Citrus.
❖ DOH ap siveye apèl yo bay Rezo Enfòmasyon sou Kontwòl Pwazon Florid pou evalye nivo apèl
yo resevwa ak kote bezwen aktyèl yo egziste epi bay konsèy lojistik sou zòn ki bezwen sipò
adisyonèl.
❖ Avi Bouyi Dlo yo te pibliye pou 16 zòn, sou 11 konte, apre enpak siklòn Ian. DOH kontinye
kontwole epi kenbe yon lis konplè nan tout eta a ke rezidan yo ka jwenn sou Entènèt.
❖ DOH te deplwaye konsèy ak resous sante pou ede piblik la idantifye danje potansyèl ki ka prezan
apre konsekans siklòn Ian. Resous yo te distribye nan kominote lokal yo epi yo disponib atravè
chanèl medya sosyal ak sou entènèt.
❖ DOH ap sipòte efò 911 lokal yo lè li bay 40 anbilans anplis bay founisè EMS nan konte ijans lokal
yo.
❖ Chirijyen Jeneral Eta a te siyen Dekrè Ijans 22-004 ki otorize pwofesyonèl swen sante ki gen
lisans ki gen bon sante ki soti andeyò eta pou yo pratike nan Florid pandan tout tan EO a.
❖ Pwofesyonèl sa yo enkli Doktè, Doktè Osteopat, Asistan Doktè, Enfimyè Anrejistre pou Pratik
Avanse, Enfimyè Anrejistre, Enfimyè Pratik ki gen Lisans, Asistan Enfimyè Sètifye, Paramedik, ak
Teknisyen Medikal Ijans. Anplis de sa, pwofesyonèl swen sante ki gen lisans sa yo gen
otorizasyon pou yo pratike nan Florid atravè Telesante: Doktè, Doktè Osteopat, Asistan Doktè, ak
Enfimyè Pratik Avanse. Ou ka jwenn EO a isit la.
❖ Chirijyen Jeneral Eta a te siyen Dekrè Ijans 22-001 ki anile egzijans akizisyon legal pou asire ke
DOH kapab deplwaye aksyon ki nesesè akòz Siklòn Ian. Sa a ka jwenn isit la.
❖ Chirijyen Jeneral Eta a te siyen yon lèt pou pèmèt anplwaye Depatman ak Ajans pou
Administrasyon Swen Sante vwayaje pase kouvrefe atravè eta a pou fè nenpòt aksyon sante ak
sekirite ki nesesè.
❖ DOH te kowòdone ak Biwo Règleman Asirans pou distribye yon alèt konsènan renouvèlman
preskripsyon yo posib pandan Eta Ijans. Yo te voye alèt sa a bay konpayi asirans sante yo,
òganizasyon ki jere swen yo, antite sante yo, ak founisè swen sante ki gen lisans. Ou ka jwenn
alèt la isit la.

❖ DOH te kowòdone ak patnè federal yo pou sipòte deplwaman prèske 100 moun atravè divès ekip
sante ak medikal. Ekip sa yo pare nan Orlando, Atlanta, ak Warner Robbins Air Force Base nan
Georgia.
❖ DOH kontinye kowòdone atravè 67 depatman sante konte yo sou nenpòt resous preparasyon ki
nesesè yo, an kowòdinasyon ak moun kap jere ijans nan konte sa yo.
❖ Depatman Jistis Jivenil Florid la te kòmanse fè chèk byennèt pou anplwaye yo, jèn yo, ak fanmi
yo nan zòn ki afekte yo, epi kote ki an sekirite pou fè sa, yo te kòmanse evalye enstalasyon yo
pou domaj. DJJ pral kontinye efò rekiperasyon apre tanpèt la, sitou evalyasyon kontinyèl
enstalasyon ki domaje yo ak netwayaj apre tanpèt la.
DCF ap fè patenarya ak ajans prensipal swen kominotè li yo pou kontakte tout moun k ap bay swen a
fanmi adoptif ki gen timoun depandan lakay yo pou evalye bezwen yo epi asire sekirite yo
DCF te louvri de Sant Sipò Resous pou Fanmi ak anplwaye sou plas, ki gen ladan Hope Navigators,
patnè sante konpòtman ki espesyalize nan repons rekiperasyon dezas, ak espesyalis elijiblite pou benefis
piblik pou ede moun ak fanmi yo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon isit la: www.myflfamilies.com/frsc
Lokal yo se New Port Richey ak Tampa
Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid te anonse Jedi resous siplemante ak fleksibilite ki disponib an
repons a Siklòn Ian nan Eta Florid. Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan CMS Anonse Resous ak Fleksibilite
pou Ede ak Ijans Sante Piblik nan Eta Florid.
Enfrastrikti
● Cut and Toss Crews te netwaye 1,105 mil wout eta a. Kontinye koute lapolis lokal yo ak ofisyèl
konte yo pou detou potansyèl yo.
● Ak tanpèt la ki soti nan eta a, travay ap kòmanse sou kòt lès la tou.
● Enspektè pon FDOT yo ap enspekte pon yo. Yo te enspekte 1,426 pon apati 9 a.m. Yo te
idantifye 106 pon kòm priyorite pou enspeksyon nan konte Hillsborough, Pinellas, Collier, Lee,
Charlotte, Sarasota, ak Manatee epi yo te enspekte tout 9/29.
● Tout pon nan lwès I-75 nan sidwès Florid yo te enspekte apati 9/29. Ekip yo pral kontinye
enspekte pon yo bò solèy leve nan I-75. Gen kèk pon ki pa ka enspekte imedyatman akòz nivo
dlo.
Plaza Sevis Wout Peaj.
Tout Plas ki bay Sèvis pou wout peaj yorelouvri.
Sèvis Kliyantèl Sant Apèl ansanm ak Biwo sevis pou wout peaj yo louvri kounye a, eksepte nan St. Pete.
Wout ak Pon
Aktyèl Gwo Wout ak Pon ki fenmen. Men lis wout ki fenmen yo apati 8:00 a.m. jou 9/30/22. Lis wout
fenmen sila disponib sou FL511.com:
Konte Brevard
Richy Road nan direksyon sid nan US-1 direksyon sid – Tout liy yo fèmen
Konte DeSoto
SR-70 anvan ak nan SR-72 – Tout liy yo fèmen, nan tout direksyon
SR-70 nan CR-661 – Lane fèmen, nan de direksyon yo
SR-72 East nan SR-70 – Tout liy yo fèmen
US-17 nan Welles Road – Tout liy yo fèmen, nan tout direksyon yo

W Oak Street nan Peace River – Tout liy yo fèmen, nan tout direksyon yo
Konte Duval
Ocean Street nan Minorcan Way – wout fèmen nan tout direksyon yo
Konte Flagler
SR-100 direksyon lès nan N. Central Avenue – Tout liy yo fèmen.
SR-100 direksyon lès nan Robali Road
SR-100 nan direksyon lwès nan US-1 – Tout liy yo fèmen
SR-100 direksyon lès nan Deen Road – Lane fèmen
US-1 South nan Grand Reserve Drive – Tout liy yo fèmen
Konte Hardee
Florida Cracker Trail nan CR-665 – Lane fèmen, toude direksyon yo
SR-64 nan Parnell Road – Tout liy yo fèmen, nan toude direksyon yo
SR-64 nan Old Town Creek Road – Lane fèmen, toude direksyon yo
SR-64 nan CR-663 – Liy fèmen, toude direksyon yo
US-17 nan Bronco Drive – Tout liy yo fèmen, nan toude direksyon yo
Konte Lee
Pine Island Road Bridge (SR-78/Pine Island Road nan Matlacha Draw Bridge)
Sanibel Causeway
CR-865 nan Broadway Channel – Lane fèmen, toude direksyon yo
Estero Boulevard nan Broadway Channel – Lane fèmen, toude direksyon yo
Konte Manatee
Pon Cortez
John Ringling Causeway
SR-64 nan Kersey Road – Lane fèmen, toude direksyon yo
SR-64/Manatee Avenue East pi lwen pase East Bay Drive – Tout liy yo fèmen
SR-64/Manatee Avenue West pi lwen pase Martinique Drive – Tout liy yo fèmen
SR-70 direksyon lès nan Verna Road – Lane fèmen
Konte Orange
E Robinson Street nan N Eola Drive – Tout liy yo fèmen, toude direksyon yo
Lee Road nan direksyon lwès nan Colfax Avenue – Tout liy yo fèmen
Orlando Avenue nan direksyon sid nan Monroe Avenue – Tout liy yo fèmen
SR-423/John Young Parkway (anvan ak apre SR-50) – Tout liy yo fèmen, nan toude direksyon
SR-434 Nò nan Maitland Crossing Way – Tout liy yo fèmen
SR 527/Orange Ave/Rosalind Ave (anvan ak dèyè Gore Street) – Ranp deyò fèmen, tout liy yo fèmen
SR-551/Goldenrod Road North nan Nolton Way – Ranp deyò fèmen, toude direksyon
SR-551/Goldenrod Road North nan Sun Vista Way – Ranp deyò fèmen, tout liy yo fèmen
SR-552/Curry Ford Road East nan Camelia Garden Drive – Tout liy yo fèmen
Konte Osceola
I-4 East nan MM 65/Osceola Parkway – Ranp la fèmen
I-4 East nan MM 67/SR-536 – Off-ranp fèmen
N Kenansville Road nan Vickers Road – Tout liy yo fèmen, toude direksyon yo
Konte Polk
6th Street direksyon Nò nan Mirror Terrace NW – Tout liy yo fèmen
Lucerne Park Road nan Lucerne Loop – Lane fèmen, toude direksyon yo
SR-17 North anvan ak dèyè Hunt Brothers Road – Tout liy yo fèmen
SR-37 nan SR-674 – Liy fèmen, toude direksyon
SR-544 West anvan ak pi lwen US-27 – Tout liy yo fèmen, nan toude direksyon yo
US-98 nan Laurel Lane – Lane fèmen
US-98 nan US-17 – Tout liy yo fèmen, nan toude direksyon yo

Konte Sarasota
John Ringling Causeway
SR-776 Nò dèyè Dearborn Street – Tout liy yo fèmen
SR-776 Sid dèyè Old Englewood Road – Tout liy yo fèmen
SR-776 nan N Elm Street – Tout liy yo fèmen, toude direksyon yo
Konte Seminole
Oviedo Road nan Walsh Street – Lane fèmen, toude direksyon yo
SR-419 nan SR-434 Southbound – Tout liy yo fèmen, toude direksyon yo
SR-426/Fairbanks Avenue/Aloma Avenue anvan Lake Jessup Avenue – Tout liy yo fèmen, nan toude
direksyon
SR 426/Fairbanks Avenue/Aloma Avenue East anvan Tuskawilla Road – Tout liy yo fèmen
Konte Volusia
Dunlawton Avenue nan Halifax Drive – Tout liy yo fèmen
East International Speedway Boulevard nan direksyon lwès nan Central Parkway – Tout liy yo fèmen
East Orange Avenue nan direksyon lès nan S Beach Street – Tout liy yo fèmen
Granada Boulevard nan direksyon lès nan Halifax River – Tout liy yo fèmen
I-95 nan direksyon sid nan Sòti 244/SR-442 – Ranp la fèmen
Lytle Avenue nan direksyon lès nan Palmetto Street – Tout liy yo fèmen
Main Street nan direksyon lès nan S Halifax Avenue – Tout liy yo fèmen
Mason Avenue nan direksyon lwès nan Heineman Street – Tout liy yo fèmen
Mason Avenue nan Tower Street – Tout liy yo fèmen
North Causeway nan direksyon lès nan Washington Street
Ridgewood Avenue nan 6th Street – Tout liy yo fèmen
SR-421 nan direksyon lwès nan I-95 nan direksyon sid – Tout liy yo fèmen
SR-44 nan Airport Road – Tout liy yo fèmen, nan toude direksyon yo
SR-44/New York Avenue West nan US-1 – Tout liy yo fèmen
Tomoka Farms Road nan Pioneer Trail – Tout liy yo fèmen, nan toude direksyon yo
US-1 direksyon Nò nan Brevard Volusia County Line – Tout liy yo fèmen
US-1 South nan Commonwealth Boulevard – Tout liy yo fèmen
US-92 nan direksyon lès nan pasaj siperyè ranp I-4 – Tout liy yo fèmen
US-92 nan direksyon lwès nan Halifax River – Tout liy yo fèmen

Pò ki fèmen kounye a:
Pò St. Petersburg (estime pou relouvri samdi)
Port of Fort Pierce (estime pou relouvri Vandredi)
Port Canaveral (estime pou relouvri Vandredi)
Port Fernandina (estime pou relouvri enkoni)
JAXPORT (estime pou relouvri samdi)
Port of Key West (estime pou relouvri jedi)
Pò ki louvri:
Pò Palm Beach
Pò Tampa Bay (Ouve sou bo te sèlman)
Seaport Manatee (ouve sou bo te sèlman)
Pò Everglades
Pò Miami
Pò Pensacola

Pò Panama City
Pò St Joe
Tèminal gaz:
Pò Everglades
Tèminal gaz louvri.
Bato 25000 barik gaz te resevwa 29 septanm
Dechaje prèske 350 mil barik gazolin ak 20 mil barik dyezèl, epi gen 13 bato nan wout.
Pò Tampa Bay:
7 jou gaz nan tank yo
Kamyon tank yo ap resevwa gaz nan tèminal yo.
Pò Lamantin:
Livrezon gaz te kòmanse 29 septanm.
Pòt Canaveral ap tann evalyasyon domaj
Èpòt
Estati aktyèl la endike anba a. Pandan gen kèk enstalasyon kap pwograme pou yo fenmen, konpayi
avyon endividyèl yo ka deside sispann vòl pi bonè. Tanpri ale sou sit entènèt konpayi ki opere vol ou a
pou re-anrjistreman ak lòt enfòmasyon sou vòl yo.
Ayewopò Entènasyonal Daytona Beach - Fèmen
Ayewopò Rejyonal Gainesville - Louvri
Ayewopò Entènasyonal Jacksonville - Louvri
Ayewopò Entènasyonal Melbourne Orlando - Fèmen
Ayewopò Rejyonal Nòdès Florid – Operasyon Ijans Sèlman
North Perry Airport- Fèmen
Ayewopò Entènasyonal Orlando – Operasyon Ijans sèlman. Fèmen nan Sèvis Komèsyal.
Ayewopò Entènasyonal Orlando Sanford- Operasyon Ijans sèlman
Ayewopò Punta Gorda – Fèmen
Ayewopò Entènasyonal Sarasota Bradenton- Operasyon Ijans sèlman
Ayewopò Entènasyonal Sidwès Florid – Fèmen
Ayewopò Entènasyonal St. Pete/Clearwater – Louvri
Ayewopò Entènasyonal Tampa - Fèmen
Transpò ak tren pasaje yo
Sèvis Sispann:
Pinellas Suncoast Transit Authority (pou rekòmanse sèvis sou 1/10)
LeeTran
Transpò Zòn Konte Sarasota
Konte Charlotte
Lynx (Florid Santral/Orlando)
Konte Pasco
Votran
Konte Martin
Konte Indian River
Sistèm Transpò Rejyonal Gainesville

Ride Solution/Putnam
Konte Levy
Konte Citrus
Konte Nassau
Konte St Johns
Sevis operasyonel nan:
Transpò Miami-Dade
Transpò Broward County
SunTran
Transpò Rejyonal Zon Hillsborough
Koneksyon Citrus (orè redwi)
Transpò Zòn Collier
Otorite transpò Jacksonville
Konte Manatee
Palm Tran
Key West Transit
Konte Lake
Espas Zòn Transpò Kòt la
Tri-Rail kenbe sèvis regilye
SunRail sispann
Amtrak sispann
Swen pa pil e pa paket
Kounye a gen plis pase 20,000 moun nan abri atravè eta a.
295 kamyon chaje manje ak dlo ap antre nan zòn ki afekte yo, ki gen ladan 40 kamyon chaje glas pou ale
nan Florid Santral.
Plis pase 3.5 milyon manje ak plis pase 1.8 milyon galon dlo nan boutèy ap deplwaye nan zòn ki afekte
yo.
DCF te lage $235,351,849 bay SNAP byen bonè pou yon popilasyon ki gen anviwon 773,579 moun ki
riske pran enpak nan men siklòn Ian. Ou ka jwenn plis detay sou enfòmasyon sa isit la: ACCESS Florida
– Florida Department of Children and Families (myflfamilies.com)
Yo te evakye 34 kay en gwoup ki gen lisans atravè eta a.
DCF ap òganize apèl chak jou ak Otorite kap jere yo ansanm ak ajans dirijan Swen Kominotè pou rete
okouran de tout nouvel ki konsene tanpèt yo.
DCF ap asire li ke tout Etablisman Tretman Sante Mantal ak pwogram tretman metadòn yo prepare pou
tanpèt la.
Florida Housing Finance Corporation mete paj Entènèt Sekou pou Katastwòf pou bay fanmi yo
enfòmasyon sou resous lojman ak asistans. Paj Web sa a ap kontinye aktyalize depi plis enfòmasyon vin
disponib. Wap jwenn enfomasyon Resous ak sou sekou pou katastwòf yo la: (floridahousing.org)
Florida Housing asire ke tout lis aktyèl yo ajou si fanmi yo ta bezwen demenaje byen vit nan
www.FloridaHousingSearch.org.
Chak biwo SHIP te adopte yon estrateji pou katastwòf ki pèmèt pou asistans pare rapid vit apre yon
dezas te deklare. Estrateji yo ka gen ladan demenajman tanporè ak asistans pou lokasyon, retire debri,
ak reparasyon ki pap pran tan pou fet pou anpeche plis domaj nan estrikti a oswa pou pèmèt moun rete

ladan jiskaske reparasyon yo finn fèt. Tanpri kontakte biwo lokal ou a dirèkteman pou plis enfòmasyon:
Enfòmasyon sou Gouvènman Lokal (floridahousing.org)
Lapolis
FHP te deplwaye yon sant komand mobil nan Sant Operasyon Ijans Eta yo ak nan sidwès Florid pou bay
kapasite kominikasyon amelyore ak resous adisyonèl.
Gen plis pase 1,700 manm asèmante FHP ki pare pou ede ak efò repons evakyasyon rapid.
FHP te aktive 12 èdtan Alpha ak Bravo shifts pou plis pase 700 sòlda atravè Florid.
FHP te deplwaye apeprè 151 nan 330 sòlda Fòs Repons Rapid yo idantifye nan zòn ki afekte yo pou ede
efò rechèch ak sekou.
FHP stratejikman itilize machin sekou ki pap tonbe nan dlo pou ede nan rechèch ak sekou nan kad efò
evalyasyon domaj yo.
FHP te itilize avek anpil estrateji avyon zèl fiks li yo pou kontwole wout trafik yo epi pou ede nan rechèch
ak sekou pou evalyasyon domaj.
FHP te deplwaye ekip veyikil ayeryen ki pa bezwen pilot li yo pou ede nan rechèch ak sekou nan kad
evalyasyon domaj.
Sant Kominikasyon Rejyonal FHP yo ap prepare pou fè sèvis pou pran kontwòl pou lòt sant ekspedisyon
FHP ki afekte yo pou asire ke tout ofisye lapolis eta yo kontinye resevwa sèvis sila yo.
FHP ap bay lyezon ak sant operasyon ijans konte ki afekte yo.
FHP ankouraje otomobilis k ap evakye yo pou yo rapòte bay *FHP (*347) veyikil andikape osnon
kondisyon kondwi ki danjere.
FLHSMV ap prepare 5 inite mobil Florida Licensing on Wheels (FLOW) kap deplwaye pou bay lisans
chofè ak idantite san frè, anrejistreman ak tit machin yo, ak anrejistreman ak tit bato yo bay moun ki
bezwen yo.
Ou ka jwenn lenfomasyon FLHSMV ak detay sant sèvis machin ki fenmen yo la a.
FLHSMV te pibliye Lòd Ijans 092422, ki:
Anile egzijans espesifik pou machin komèsyal ki bay sekou pou ijans; epi
Anile frè ranplasman pou lisans chofè ak kalifikasyon idantifikasyon, anrejistreman machin ak tit,
anrejistreman ak tit bato yo, ak pèmi pakin tanporè pou moun ki afekte yo.
15 Ofisye Gwoup Operasyon Espesyal FWC ki soti nan Rejyon Nòdès te deplwaye machin ak bato kat
wou pou ede rezidan ki afekte yo. Ofisye sa yo kounye a ap fè misyon sekirite piblik ak repons pou ijans
jan SEOC te asiyen nan Konte Charlotte, Collier, Hardee ak Lee.
9 Ofisye Gwoup Operasyon Espesyal FWC ki soti nan Rejyon Santral Nò a pral deplwaye Vandredi
maten ak bato ak tout ekipman nan Konte Volusia pou ede nan efò repons ak rekiperasyon.
78 ofisye FWC ansanm ak 2 veyikil ak bato mekanik te deplwaye nan zòn ki afekte yo a ak yon mschin
tout teren, bato ak ekipman repons ak rekiperasyon fet e founi.
Ofisye FWC yo kounye a ap fè misyon sekirite piblik ak repons pou ijans jan Sant Operasyon Eta Ijans
(SEOC) bay nan Konte Charlotte, Collier, Hardee ak Lee.
FWC te deplwaye 1 trelè kòmand mobil ak 4 inite BERG pou bay ofisye nan zòn nan kominikasyon ak
sipò operasyonèl pandan y ap reponn a apèl pou asistans.
Ofisye ki plase nan Rejyon Tampa Bay, Rejyon Nò Santral, ak Rejyon Nòdès Florid yo kounye a ap fè
misyon sekirite piblik ak repons pou ijans jan SEOC mande pou sa fet nan chak zòn lokal yo.
25 ofisye FWC ki soti nan Rejyon Nòdwès yo kanpe veyatif pou ogmante premye vag inite repons yo, ak
lòt machin tout teren, bato, UTV, ATV, ak lòt ekipman.
Anplis misyon sekirite piblik yo, ekip FWC Special Operations Group (SOG) ap sèvi kòm inite rekonesans
pou EOC Eta a epi fè rapò sou domaj yo.
Seksyon Aviyasyon FWC ap bay EOC asistans depi anwo nan syel, rekonesans, ak evalyasyon domaj
apre tanpèt la.

Ekip sipò ak lojistik rejyonal FDLE atravè eta a ap prepare pou deplwaye pèsonèl ak ekipman pou yon
repons pare pou konsekans tanpèt la. FDLE te kòmanse pare ekipman depi anvan IAN ak kòmand mobil
nan kote estratejik yo pou apre siklon nan. Ekip ki gen tronsoneuz, prela, ak lòt founiti yo ap rasanble.
Sipò sektè prive
Patnè ki gen ladan Walmart ak Publix te di ke yo toujou ap pote pwovizyon anplis nan eta a pou toujou
gen pwovizyon pou moun yo.
192 moun te patisipe nan efo nan Sektè Prive ESF-18 pou pataje dènye enfòmasyon enpòtan yo epi
ekip WD ak ESF-18 bay detay konsènan pwoblèm chèn ekipman, pwoblèm envantè ijans, biznis ki
fenmen ak efò egzanplè pou ede moun Florid ki afekte yo pandan tan sa a.
T-Mobile gen kat kamyon sipò kominotè ki chaje ak materyel tankou chajè, kab chaje ak telefòn selilè,
ansanm ak twa trelè Wi-Fi ki ka chaje jiska 80 telefòn chak, plis Wi-Fi. Byen sa yo chita jis deyò zòn
enpak la epi yo pral disponib depi sekirite nan zon yo etabli. Pifò kliyan T-Mobile gen plan pou pale, tèks,
ak data san limit. Pou moun ki pa gen plan, T-Mobile ap kontinye ofri apèl, tèks ak data san limit soti 28
septanm jiska 3 oktòb pou moun ki pi afekte nan tanpèt la. . Opsyon Text to Give yo disponib tou, epi yo
ka jwenn enfòmasyon ki nef sou T-Mobile nan https://www.t-mobile.com/news/community/hurricane-ian.
Kliyan rezidansyèl ak ti biznis Verizon nan kòd postal ki afekte nan siklòn Ian ap gen aksè a apèl
domestik san limit, tèks ak data jiska 4 oktòb 2022. Klike la a pou wè kòd postal ki elijib yo. Ekip Repons
Kriz Verizon Wireless pral bay ajans sekirite piblik k ap reponn ak siklòn nan sipò kominikasyon gratis tou,
mete kanpe sit selilè pòtab, Wi-Fi, estasyon rechaj gratis ak lòt sèvis.
Publix te delivre plis pase 700 kamyon dlo ki egal a prèske yon milyon kes, li te ekspedye plis pase 3
milyon liv glas, epi li ap estoke doub volim envantè yo. Anvan yo te fèmen magazen ki te afekte pa tanpèt
la, Publix te bay lapolis lokal yo, ponpye yo ak ekip repons pou ijans yo, manje epi li te asire tou ke
asosye ki travay tou pre epi prepare magazen sa yo pou tanpèt la ap resevwa pwodwi pou tèt yo ak fanmi
yo. Asosye Publix yo te pran swen kliyan yo, kominote yo youn ak lòt avèk dilijans.
AT&T ap renonse ak frè anplis pou pale, tèks, ak data pou kliyanli yo ke yo gen plan peye anvan oubyen
peye apre sevis ki gen adrès fakti nan 828 Kòd Postal atravè Florid soti 28 septanm 2022 jiska 28 oktòb
2022, pou kenbe kliyan yo konekte. Anplis de sa, AT&T ap deplwaye plis fasilite kouran sekou nan
enstalasyon fil nou yo ak dèlko ravitaye lè sa nesesè.
Rosen Hotels and Resorts ap aktive tarif li yo pou moun kap viv Laflorid ki nan detrès pou bay yo yon
kote ki an sekirite epi ki abòdab pou yo pase Siklòn Ian. Moun ki evakye yo ka rele 866-33-ROSEN
(76736) pou rezève yon chanm.
VISIT Florida te ouve e bay akse ak Lojman Ijans sou Expedia.com/Florida, ki mete dènye enfòmasyon
sou lis ki disponib yo.
Comcast te louvri entenet Xfinity WiFi nan Santral, Nò ak Sidwès Florid, ak Panhandle pou kliyan Xfinity
ansanm ak sa ki pa kliyan yo rete konekte pandan ak apre tanpèt la. Detay yo disponib nan
florida.comcast.com/2022/09/27/comcast-opens-free-xfinity-wifi-hotspot-network-as-hurricane-ian-
approaches/.

Lowe's kontinye ouvri magazen nan konte siklòn Ian ki pa afekte dirèkteman pou resevwa pwodwi ki gen
rapò ak tanpèt ak rekiperasyon, tankou jeneratè, dlo, bwat gaz, sab, plywood, pil, flach ak lòt materyèl.
Anplis de sa, 30 kamyon tanker yo monte nan magazen Lowe's yo pou yo asire distribisyon materyel apre
tanpèt la. Lowe's ap pwofite de gwo chèn rezo ekipman li genyen pou pote pwodwi ki nesesè yo bay eta
a.
Asosyasyon Restoran ak Lojman Laflorid la ap konseye etablisman lojman yo ke yo ap detann politik bèt
yo e li vle popilasyon an konnen ke gen otèl ak lòt akomodasyon ki toujou disponib soti nan Tallahassee
rive Pensacola ak Palm Beach, Broward ak Dade.
Enterprise Florida, Inc. (EFI) an kominikasyon regilye ak yon pò maritim, yon ray tren, yon ayewopò, yon
founisè gaz ak kouran pou kowòdone ant patnè sektè piblik ak prive pou asire ke yo bay asistans,
machandiz ak sèvis pandan ak apre tanpèt la.
UHaul ap ofri 30 jou depo gratis ak itilizasyon kontenè U-Box nan 43 lokal Eta Florid. Jwenn plis
enfòmasyon sou www.uhaul.com/about/ anba "Top Stories".
Uber, ofri vwayaj ale/tounen pou ale ak pou soti nan abri Sidwès Florid yo nan Hillsborough, Pinellas,
Manatee, Pasco, Lee, Charlotte, Sarasota, Orange, Brevard, Seminole, Volusia ak Osceola. Konte yo
kap benefisye de of sila a nan lis sou www .FloridaDisaster.org/PlanPrepare/Shelters. Pasaje yo ka antre
kòd promo IANRELIEF nan aplikasyon kap pemet yo profite on traje ale e tounen gratis, ki te ka koute
jiska 30 dola chak bo. Sevis gratis sila a se pou ale oswa soti nan nenpòt abri evakyasyon eta apwouve
nan Florid.
WD ap mete ajou www.FloridaDisaster.biz ak enfòmasyon an tan reyèl pou pwopriyetè biznis yo prepare
biznis yo, fanmi yo ak anplwaye yo pou Siklòn Ian.
DEO te avèti rezo Ajans Aksyon Kominotè (CAA) eta a pou li kòmanse aktivite preparasyon pou
katastwòf apre lòd ijans lan.
Sekretè DEO a, Dane Eagle, te mete deyo yon not madi ki te 27 septanm 2022, kote li te di ke gen $1.4
milyon dola pou Pwogram Asistans Enèji Kay pou moun sale yo piti sa yo rele LOW INCOME
nan(LIHEAP), finansman ijans sa ki rezève pou founisè LIHEAP nan tout eta a pou sipòte aktivite
preparasyon tankou transpò ak lojman tanporè pou kenbe sante ak sekirite moun ki afekte yo.
Ekip Rebuild Florida a kontinye kontwole Siklòn Ian epi li ap prepare pou remobilize efò rekiperasyon li yo
pou yon pasaj san danje apre tanpèt la.
CareerSource Florida ap kontakte pou evalye bezwen patnè lokal Konsèy Devlopman Mendèv nan konte
ke siklon nan afekte. Nou pral travay kole kole ak patnè nou yo nan WD pou sipòte efò rekiperasyon yo
epi ede konekte rezidan ki afekte yo ak travay tanporè ak lòt sipò rekiperasyon.
Lokal Konsèy Devlopman Mendèv sa yo fèmen tanporèman akòz Siklòn Ian:
CareerSource Gulf Coast – Sant Gòlf ak Bay Co
CareerSource North Florida – Live Oak, Mayo ak Sant Madison
CareerSource Florida Crown – Sant Dixie ak Columbia
CareerSource Nòdès Florid
CareerSource Santral North Florida

CareerSource Citrus Levy Marion
CareerSource Flagler Volusia
CareerSource Brevard
CareerSource Pinellas
CareerSource Tampa Bay
CareerSource Pasco Hernando
CareerSource Polk
CareerSource Suncoast
CareerSource Heartland
CareerSource Research Coase – Indian River ak Sant Martin
CareerSource Sidwès Florid
VISIT FLORIDA te aktive modil aranjman ijans li sou Expedia pou bay otèl ak resous akomodasyon an
tan reyèl pou moun Florid ak vizitè ki afekte yo.
VISIT FLORIDA travay ak Expedia ak patnè li yo pou ankouraje fe on ti lache sou règleman ki konsene
bèt kay yo nan lojman yo ansanm ak politik anilasyon/chanjman nan tarif yo
Enterprise Florida te aktive paj Asistans pou Katastwòf li a ak yon lis resous eta ak federal ki disponib pou
biznis yo itilize nan aktivite mitigasyon, preparasyon, repons, ak rekiperasyon yo.
Ekip Biwo Ekonomik Oto-sifizans (BESS) DEO a angaje aktivman lidèchip rezo Ajans Aksyon
Kominikasyon (CAA) pou evalye sitiyasyon sekirite òganizasyon yo ak anplwaye yo ansanm ak bezwen
espesifik nan konte a nan zòn pwoteksyon yo.
Ekip Rebuild Florida WD a pral fè evalyasyon aktyalizasyon domaj apati semèn pwochèn pou pwojè Irma
aktif pou evalye nenpòt domaj nouvo oswa ki vin apre siklòn Ian te koze. Ekip konstriksyon yo ka resevwa
yon lèt pèmisyon oswa apwobasyon pou yo antre epi rekòmanse konstriksyon nan zòn ki afekte nan
siklòn Ian.
Target ap travay byen vit pou kenbe manm ekip li yo an sekirite epi mobilize chèn ekipman pou li
akselere livrezon founiti enpòtan nan magazen Target. Target ap travay tou ak manm ekip li yo, envite yo
ak patnè rejyonal yo nan jou k ap vini yo pou ede asire ke tout kominote ki afekte nan siklòn Ian gen
resous yo bezwen pou sipòte rekiperasyon ak rekonstriksyon.
Trump International Beach Resort nan Sunny Isles te aplike pri rabè espesyal pou moun Florid ki bezwen
akomodasyon apre siklòn Ian. Resort lan akeyi bèt kay ki peze mwens ke 40 liv epi, kòm yon otèl kondo,
ofri kwizin ak enstalasyon lesiv nan tout chanm yo. Pou fè yon rezèvasyon, tanpri rele 866-976-0383
oswa itilize lyen sa a: https://bit.ly/3E4sV0o
Charter Communications te louvri Wifi Spectrum Andeyò Kay an repons a Siklòn Ian. Yo jwenn Wifi
Spectrum yo nan pak piblik, marina, lari vil yo, ak lòt espas piblik. Yon kat pwen aksè disponib nan
spectrum.com/internet/wifi-access-points.
Anheuser-Busch te kowòdone sèt kamyon — plis pase 360,000 kanistè — dlo potab pou ijans an repons
a siklòn Ian.
Konpayi sa yo pran angajman pou yo bay premye sekouris ak volontè nou yo sipò.
Culver
Firehouse Subs

Burger King
Chick-fil-A
4 Rivers Smokehouse
Anna Maria Oyster Bar
Texas Roadhouse
Buc-ees ap ofri tou manje ak bwason ki pa gen alkòl bay premye sekouris yo sou wout nan zòn nan lokal
Daytona yo jiska 2 oktòb.
Enterprise Florida te aktive paj Asistans pou Katastwòf li a ak yon lis resous eta ak federal ki disponib pou
biznis yo itilize nan aktivite mitigasyon, preparasyon, repons, ak rekiperasyon yo.
Depatman Edikasyon Florid (DOE)
● DOE ap travay ak tout sipèentandan nan zòn ki afekte yo pou kowòdone evalyasyon domaj epi
idantifye resous ki pral bezwen pou sipòte konte sa yo.
● Nan gwo tanpèt la, 59 lekòl nan distri yo te fèmen. 20 ladan yo gentan fe konnen yo pral ouvri
demen oswa lendi.
● Early Learning Coalitions yo fèmen nan konte sa yo: Bradford, Baker, Brevard, Broward, Citrus,
Charlotte, Collier, DeSoto, Dixie, Duval, Flagler, Gilchrist, Glades, Hardee, Highlands, Hendry,
Hernando, Hillsborough, Indian River, Lake. , Lee, Levy, Martin, Manatee, Marion, Miami-Dade,
Monroe, Nassau, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Putnam, Pinellas, Polk,
Sarasota, Seminole, Sumter, St. Johns, St. Lucia, Volusie.
● Depatman Edikasyon Florid toujou metedetay anplis sou sitwèb li a pou lekòl nan distri ki fenmen
yo, ansanm ak enfomasyon sou sistèm inivèsite eta a ak sistèm kolèj Florid la ki fenmen yo.
● Lekòl distri yo, kolèj eta yo ak inivèsite yo ap kòmanse anonse dat relouvri pandan y ap evalye
kondisyon apre siklòn Ian. Pou enfòmasyon sou reouvèti yo, tanpri vizite fldoe.org/storminfo.
● Pou jwenn yon lis konplè distri eskolè, inivèsite ak kolèj ki fèmen yo, vizite fldoe.org/storminfo.
Depatman Pwoteksyon Anviwònman Florid (DEP)
● Nèf Ekip operasyon nan Pak Eta Florid yo te rasanble pou ede nan evalyasyon ak efò
rekiperasyon nan pak ki afekte yo. Senk nan ekip sa yo deplwaye jodi a nan zòn ki afekte yo. Lòt
ekip yo pral deplwaye nan kondisyon ki pèmèt sa nan kad bezwen ki idantifye yo.
● Apre Dekrè Egzekitif Gouvènè a te pibliye, DEP te pibliye yon lòd ijans final ki te anile egzijans
pèmi pou estoke ak trete dechè solid, ki gen ladan debri tanpèt yo.
● DEP te bay tou yon lòd ijans final pou akselere reparasyon nesesè, ranplase ak restore estrikti,
ekipman, sistèm pou jere dlo sifas, travay ak lòt sistèm ki andomaje nan tanpèt la.
● Enspektè yo te fè sondaj sou plaj anvan tanpèt la nan tout konte rivaj yo.
● Ekip repons zòn danjere yo prepare pou evalyasyon potansyèl ak deplwaman nan zòn ki afekte
yo.
● Premye kontak pou konfime enpak sou enstalasyon fatra danjere yo te kòmanse.
● Vizitè ki gen rezèvasyon kan ak kabin ki egziste nan pak ki afekte yo pral resevwa enfòmasyon
sou estati rezèvasyon yo.
● Sant apèl depatman an te aktive kounye a pou kòmanse kontakte Sant dlo potab ak dlo ize yo
pou verifye sitiyasyon operasyon enstalasyon yo ke yo poko jwenn rapò pou yo epi kowòdone
asistans ki nesesè pou asire tout enstalasyon yo retounen nan sitiyasyon operasyon byen rapid.
Kominikasyon nan telefon

● 100 gwo tou pou kominikasyon selilè yo te deplwaye nan zòn nan pou sipòte koneksyon nan
Sidwès Florid.
● Divizyon Telekominikasyon an travay ak lapolis nan evalyasyon depi nan syel ak dron.
● Divizyon Telekominikasyon yo ap kontinye travay ak patnè telekominikasyon yo pou asire rezo
kominikasyon eta yo genyen akse e yo rete operasyonèl pou premye sekouris yo pou reponn
pandan rekiperasyon an.
Lisans
Lòd Ijans DBPR 2022-01 pwolonje dat limit renouvèlman soti 30 septanm oswa 1ye oktòb 2022 rive 31
oktòb 2022 pou lisans sa yo:
● Imobilye: Asosye Komèsyal, Asosye Komèsyal Koutye, Koutye, Koutye Antrepriz, Patenarya,
Kòporasyon ak Sikisal;
● Bwason ki gen alkòl: machan an detay, distribitè, manifaktirè, enpòtatè, koutye, ajan lavant ak
transpòtè pasaje an komen yo;
● Medikaman, Aparèy, ak Kosmetik: Achte Medikaman en gwo ak Preskripsyon, Machan
Medikaman en gwo ak Preskripsyon - Koutye Sèlman, Revande Medikaman en gwo ak
Preskripsyon andeyò Eta a, ak tout lòt lisans DDC;
● Otèl ak restoran: etablisman akomodasyon piblik, lokasyon pou vakans, pwojè propryete a plizye
ak etablisman restoran piblik; epi Manadjè asosyasyon kominotè yo.
● Lisans ki renouvle jou ki 31 oktòb 2022 oswa anvan dat sila a, yo pral konsidere kòm
renouvèlman a tan epi yo pa pral ankenn frè pou reta.
● Lòd Ijans DBPR 2022-01 pwolonje tou dat limit pou depoze rapò chak mwa e retou pou kek
lisans likè ak tabak soti 10 oktòb 2022 rive 31 oktòb 2022. Anplis de sa, lòd la kanpe jiska 31
oktòb 2022, tout lòd final yo ki reflete aksyon final ajans lan nan egzijans dat limit pou ranpli
repons ki dekri nan lòd ajans lan.
Ou ka wè anilasyon reyinyon Komisyon Konsèy DBPR ak lòt detay ki fenk mete nan
http://myfloridalicense.com/emergency.
Divizyon Medikaman, Aparèy ak Kosmetik DBPR kowòdone ak distribitè achte medikaman en gwo ak
preskripsyon ansanm ak gaz medikal pou bay enfòmasyon ak sipò konsènan eksepsyon pou distribisyon
ijans founiti enpòtan sa yo lè sa nesesè.
Biwo Règleman Asirans (OIR)
● OIR te pibliye Lòd Ijans 300997-22-EO an repons a Siklòn Ian konsènan ekstansyon peryòd gras,
anilasyon ak asirans ki pa renouvle,achte pou limit sou itilizasyon ak depo”. Yo bay lòd ijans sa a
pou pwoteje sante piblik, sekirite ak byennèt tout moun ki gen asirans nan Florid.
● OIR te lanse yon apèl done nan yon efò pou kolekte data sou reklamasyon ki gen rapò ak Siklòn
Ian. OIR egzije rapò chak jou sou reklamasyon Siklòn Ian apati vandredi 30 septanm pou ede
detèmine enpak siklòn Ian sou endistri asirans nan Florid. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou
done ak rapò sou pèt katastwòf isit la.
Jere resous
● Depatman Sèvis ki jere Resous (DMS) kontinye sipòte efò rechèch nan sekou ak evalyasyon
ayeryen ak dron.

● DMS kontinye konfye ekipman lou, tronsoneuz ak lòt founiti pou sit swen pou sipòte efò
rekiperasyon yo.
● DMS kontinye lokalize epi fè aranjman nan zòn rekiperasyon an.
● DMS kontinye ap angaje ak patnè lojistik nou yo pou jwenn ak founi manje ak dlo ke yo voye nan
zòn ki afekte a.
Depatman Leta
Sekretè Deta Cord Byrd te pibliye Dekrè Ijans 22-01 pou anile dat limit pou depoze rapò finans kanpay ki
nan seksyon 106.01(1) ak 106.0703(1) jiska Vandredi 7 oktòb 2022. Ou ka jwenn EO a isit la.
Biwo femen
● Ou ka jwenn etablisman leta ki fèmen yo nan dms.myflorida.com/buildingclosures ak Liy telefon
pou Ijans Direk DMS Florida nan 888-336-7345.
● Depatman sante konte rete fèmen nan 39 konte. DOH ap aktivman sou teren an pou evalye
enpak sou enstalasyon yo epi relouvri sèvis sante konte yo paske kondisyon yo ap montre gen
sekirite pou fè sa.
● Nou ankouraje jwè bolet yo vizite www.flalottery.com pou jwenn enfòmasyon sou denye detay
konsènan biwo lotri ki fenmen yo.

Updated: Tuesday, October 4, 2022
Back to Top